Site web de QHASUQ

Pou youn bon jan edikasyon natif-natal, epi univèsèl kòm fondasyon devlopman ekonomik ak sosyal Ayiti



Manifeste | Signature | Signataires | Documents | Contact | Français | English | Español
  Manifeste  

Deklarasyon 28 Novanm 2009

Lè nou  konsidere an detay divès aksyon anpil gouvènman, ki te pase sou pouvwa-a anndan Ayiti, nan domèn edikasyon, nou kab wè soti dat peyi-a te pran endepandans-li rive  jounen jodi-a, ediksayon pa te janm genyen premye plas nan plan travay dirijan sa-yo.  Younn nan konsekans kalite konpòtman demanbre, epi san konviksyon sa yo, sèke apre plis pase 200 ane depi nou fin pran endepandasn nou, nou twouve nou nan youn peyi, kote gen apeprè 500 mil  Ayisyen ki gen laj pou yo ale lekòl, men ki ap trennen nan lari paske pa gen mwayen pou yo ale lekòl. 57% pami 500 mil timounn  sa yo se tifi. Kalite rezilta nou wè la-a se pou mounn kip ap rantre lekò, ale wè  pou lòt sektè ki nan divès branch ledikasyon-yo. Poutan, edikasyon se kle pou devlopman mounn nan tout peyi sou latè. 

Nou dwe sonje, dwa pou mounn al lekòl, se prensipal responsablite leta nan tout peyi.  Poudayè, sa ekri aklè nan  atik 32 konstitisyon 1987-la,  ak nan  lòt atik ki vin apre li yo. Epitou, se menm enfòmasyon-an ki parèt nan deklarasyon inivèl Dwa Mounn  ane 1948-la. Ayiti se younn nan peyi ki te siyen deklarasyon-an.

Gwoup travay sou edikasyon ak fòmasyon (GTEF) se youn gwoup ki genyen tout kalite mounn ak diferan lide anndan li. Sepandan, se youn sèl bivize ki rasanble tout mounn sa yo ansanm : ledikasyon. Se sa ki lakòz yo kreye GTEF  depi anviwon de ane pou yo prepare youn kontra nasyonal pou edikasyon ak fòmasyon pou Ayiti. Nan kontra-a, ap genyen tout nivo edikasyon anndan peyi-a : jadendanfan, nivo fondamantal, nivo segondè, fòmasyon pwofesyonèl, alfabetizasyon, ansanm ak nivo inivèsite. Nan travay sou kontra sa-a,  GTEF te pran konsèy nan men  anpil mounn anndan peyi-a kou nan dyaspora-a. Fanm ak gason  ayisyen kou manman ak papa pitit, ki pran sou responsablite yo 80% efò ki ap fèt pou edikasyon anndan peyi-a,  deklare aklè fason pwoblèm edikasyon  anndan peyi-a ap boulvèse yo epi yo mande pou :

  •  Leta garanti pou tout timounn ki nan peyi-a  6 ane lekòl fondamantal pou pi piti, tankou sa parèt nan Konstitisyon 1987-la
  • Leta ayisyen  garanti youn plat manje kuit pou pi piti, pou tout elèv ki nan peyi-a., men se timounn ki nan katye pòv-yo,  yo ap konsidere an premye.
  • Leta mete sou pye youn sistèm efikas pou tout elèv Ayiti gen liv ak founitiklasik yo bezwen pou yo ale lekòl ; men se timounn ki nan katye pòv-yo, yo ap konsidere an premye.
  • Leta prepare epi mete an aksyon youn lòt pwojè edikasyon nasyonal, youn fason pou  fanm ak gason ayisyen jwenn bon jan  preaparasyon pou devlope peyi-a.

Lè nou konnenn, okenn peyi sou latè pa kab devlope ni pwogrese san yo pa depanse davans, nan youn fason byen òdone epi san rete, nan ledikasyon (Kiba, Vyetnam, Taywann, Singapou, elatriye.), sa vin pi klè pou nou, ledikasyon se kle, youn kondisyon esansyèl -  ki pa ase limenm sèl grenn -   pou devlope youn peyi  epi mennen li, tout bon, sou  wout modènite.

 

·      Èske nou ap janm kab rive kontwole pwoblèm (demografi-a) kantite mounn ki ap ogmante san rete nan peyi-a, si nou pa fasilite tout mounn al lekòl ?

·      Èske nou ap janm kab rive pwoteje anviwonnman-an kont mounn ki ap koupe bwa, sitiyasyon ki kab lakòz tout kalite katastwòp, si nou pa mete youn sistèm edikasyon popilè sou pye ?

·      • Èske nou ap janm kab amilyore sante popilasyon-an, epi pwolonje lavi mounn yo, si nou pa gen youn sistèm edikasyon ki chita sou prevansyon maladi ?

·      Èske nou ap janm kab rive kreye travay, epi fè anpil lajan, nan youn sistèm ekonomi ki chita sou lakonesans, si nou pa gen youn bon jan sistèm edikasyon inivèsèl ?

 

 
 

 

 

 

 

 

 

 

 

 


Pwoblèm sistèm edikasyon-an, ki te deja mande anpil siveyans, espesyèlman pandan ven ane ki sot pase yo, ap vin pi mal akoz youn seri evennman nou pa rive kontwole,  ki gen tandans mete peyi-a nan youn sitiyasyon kote li ap vire an won; kalite vire an won sa-a se ak anpil difikilte peyi-a va rive soti ladan. Alaverite, kòm pa  gen anpil mounn nan peyi-a ki fè klas avanse, kòm se sektè prive-a ki gen plis lekòl sou kontwòl-li (85%), kòm nou gen youn pakèt bon pwofesè ki ap kite peyi-a pou yo al chèche lavi miyò lòt bò dlo, kòm gen youn pakèt lekòl prive ki pa vo anyen  nan peyi-a, se sistèm edikasyon-an ki vin an danje,  epi jèn yo nan peyi-a ap resevwa youn edikasyon pachiman. Nan sitiyasyon  sa-a, gwo danje ki pandye sou tèt peyi-a sèke li pa gen mwayen pou li prepare larelèv pou ranplase divès jenerasyon pwofesyonèl ak teknisyen kalifye  ki prale yo.  Se sa tou ki ka bloke youn plan devlopman nasyonal pou sistèm edikasyon-an. Nou dwe aji tou suit pou tout timounn nan peyi-a, san distenksyon, jwenn garanti pou yo rantre nan lekòl primè.

 

Noumenm ki siyen deklarasyon sa-a di aklè :

  • nou ap mache men nan men ak pèp ayisyen-an nan tout demach li pou devlopman sosyal li ak ekonomik li ki chita  sou bon jan ledikasyon pou timounn Ayiti, tankou sa fèt toupatou sou latè.  
  • nou ap mache men nan men  ak tout fanmi ayisyen ki mete 40% salè popistach yo genyen-an nan ledikasyon pitit yo, paske Ayiti se younn nan twa peyi sou latè, kote leta pa vrèman ap siveye koze ledikasyon.
  • nou kenbe tennfas  ak rèv tout manman ak papa pitit ayisyen ansanm ak jenn ayisyen-yo  pou youn bon jan edikasyon, ki ap pèmèt yo patisipe nètalkole nan lavi demokratik peyi-a.
  • nou ap kore  ministè edikasyon nasyonal-la ansanm ak administratè li yo depi yo deside satisfè demann sa yo.
  • nou vle    youn  antant nasyonal sou ledikasyon ak fòmasyon mounn, ki kab  tounen  youn tèt ansanm  sosyal pou pèmèt nou fonde youn sosyete, kote ki pral genyen  lajistis tout bon, epitou ki ap byen prepare pou li mache kontre tout kalite defi devlopman mounn  ka mete devan li pandan pwochen dizan ki ap vini yo.

 

Tradiskyon kreyòl :
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Tradiktè pijis pou Biwo Miltileng Kanada

 

 




Manifeste | Signature | Signataires | Documents | Contact | Français | English | Espagnol